Glencoe Health © 2007

Chapter 22: Alcohol

Chapit 22 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Anvan adolesan ameriken yo fini nan lekòl segondè, yo fè fas souvan avèk desizyon konsènan si pou yo bwè bwason alolize oswa si pou yo pa bwè. Desizyon sa a vini nan laj lè anpil adolesan sansib a imaj konsomasyon alkòl ki prezante nan sinema, televizyon oswa piblisite ak imaj lòt adolesan yo prezante tou. Pou rezon sa a, li enpòtan pou yo gen enfòmasyon egzat konsènan alkòl. Nan chapit sa a, n ap fè rechèch sou alkòl, konsekans itilizasyon alkòl pou moun ak sosyete a, ak avantaj ki genyen lè yon ap viv san li pa bwè alkòl.

Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a:

  • Chwazi pou viv San Alkòl.
  • Efè Nuizib Itilizasyon Alkòl.
  • Alkòl, Moun ak Sosyete a.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Jwen ekzanp piblisite pou alkòl nan magazin oswa nan lòt medya alekri ou gen lakay ou, oswa diskite sou ti anons pou bwason alkolize ou wè nan televizyon ak nan pano afichaj. Mande pitit ou kouman ajans piblisite yo ap chèche prezante alkòl. Kouman imaj sa yo prezante deskripsyon konsomasyon alkòl ki pa reyèl? Ede pitit adolesan ou fè rechèch sou kèk òganizasyon ki ofri tretman pou depandans pou alkòl, pou moun ki depandan de alkòl la ak pou fanmi moun nan. Anvizaje itilizasyon Entènèt, bibliyotèk ak anyè telefòn pou jwenn kote resous sa yo ye. Avèk pitit adolesan ou, fè rechèch sou poisblite pou anwole nan SADD (Elèv Kont Desizyon Destriktif) oswa pou etabli yon chapit SADD nan lekòl pitit adolesan ou si pa gen youn ki egziste deja.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann ak pratike konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe