Glencoe Health © 2007

Chapter 7: Achieving Good Mental Health

Chapit 7 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Abitid ak konpòtman adolesan yo etabli jodi a ka afekte sante yo pou ane k ap vini yo.
Devlopman bon sante mantal ak sante emosyonèl ap ede kreye modèl konpòtman ki, avèk pratik, ka pwokire benefis pou lavi. Nan chapit sa a, n ap fè rechèch sou divès kalite dimansyon sante mantal ak sante emosyonèl.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Sante Mantal ak Emosyonèl.
  • Devlopman yon Idantite Pozitiv.
  • Konpreyansyon Emosyon.
  • Jesyon Emosyon.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit adolesan ou pou li trase ak eksplike yon grafik ki eklèsi yerachi bezwen Maslow. Ankouraje pitit adolesan ou pou li diskite ki bezwen ki pi enpòtan pou li ak fason li satisfè bezwen sa yo. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike deklarasyon, “Emosyon pa ni bon ni move.” Diskite rezon ki fè kèk moun ka gen laperèz pou gwo emosyon. Fè yon lis fason ki bon pou lasante pou trete ak eksprime emosyon. Diskite sou benefis alontèm ki gen nan travay pou devlope bon sante mantal ak emosyonèl kòm yon adolesan.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann ak pratike konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe