Glencoe Health © 2007Chapter 6:
Managing Weight and Body CompositionChapit 6 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Twò gwo oswa mèg reprezante yon enkyetid pou anpil adolesan.
Men tou, gwosè kò a plis pase yon kesyon aparans; pwosesis pou
ajoute oswa pou pèdi pwa (diminye gwosè) ka lakòz risk
medikal. Chapit klas lasante pitit adolesan ou baze sou relasyon ant konpozisyon
kò a, rejim alimantè, kilti fizik ak lasante. Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a: - Antretyen yon Gwosè ki bon pou lasante.
- Rejim Alimantè Pòp ak Twoub Alimantè.
- Nitrisyon pou Bezwen Endividyèl.
Angajman ou ak patisipasyon ou enpòtan nan edikasyon pitit adolesan
ou sou lasante. Pou sipòte travay salklas nou, tanpri pratike omwen
youn nan aktivite sa yo avèk pitit adolesan ou: Mande pitit gason ou
oswa pitit fi ou pou li kalkile Endis Mas Kò li epi pou li eksplike
sa siyifikasyon chif sa a. Answit, mande pitit adolesan ou pou li diskite sou
fason li santi li konsènan pwa kò li (gwosè li). Si pwendvi
a defòme, ede pitit ou evalye kalite kò liavèk objektivite.
Si pitit ou gen yon pwoblèm gwosè, ede li chèche yon bon
jan konsèy pwofesyonèl. Diskite avèk pitit adolesan
ou sou enfliyans piblisite genyen nan prezantasyon kalite kò enposib
kòm imaj ki ideyal. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike koneksyon
ant pwa kò a ak konsomasyon kalori/ranman tèmik. Fè pitit
adolesan ou egzamine chwa manje li, espesyalman nan amiz-gèl, ak kantite
tan li pase nan fè egzèsis. Travay ansanm pou kreye yon plan
avèk ekilib konsomasyon kalori apwopriye/rannman tèmik ak aktivite
fizik. Tanpri
planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann ak
pratike konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou
bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou
ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |