Glencoe Health © 2007

Chapter 4: Physical Activity for Life

Chapit 4 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas sou lasante pitit adolesan ou konsantre sou koneksyon ant aktivite sante fizik. Pandan sosyete a vin depandan de teknoloji a ofi-amezi, kantite aktivite fizik la diminye. Selon Prezidan Council on Physical Fitness (Konsèy sou Kilti Fizik), prèske mwatye jenn Ameriken ki gen ant 12 ak 21 ane pa fè aktivite fizik sou yon baz regilye. Kidonk, se sèlman 19 pousan ki fè egzèsis sou yon baz regilye, alòske 14 pousan pa fè okenn aktivite fizik regilye. Nan klas la, n ap konsantre sou enpòtans aktivite fizik regilye.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Aktivite ak Sante Fizik
  • Kilti Fizik.
  • Planifikasyon yon Pwogram Aktivite Pèsonèl.
  • Fòmasyon ak Sekirite pou Aktivite Fizik yo.
  • Blesi nan Aktivite Fizik.

Patisipasyon ou enpòtan nan edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Pou sipòte travay salklas nou, tanpri diskite omwen youn nan aktivite sa yo avèk pitit adolesan ou: Diskite sou enpòtans kilti fizik genyen. Mande pitit adolesan ou pou li egzamine woutin jounalye li konsènan tan li pase san fè aktivite fizik ak tan li pase nan fè aktivite fizik. Ede li note tan li pase nan aktivite fizik pandan yon semenn. Ankouraje pitit adolesan ou pou li adopte chwa pou kreye yon mòdvi ki pi aktif. Mande pitit adolesan ou pou li dekri eleman kilti fizik yo epi pou li eksplike kouman chak domèn ka vin pi bon. Ede pitit adolesan ou nan devlopman yon plan kilti fizik pa semenn avèk eleman kilti fizik yo nan lespri li. Diskite sou aktivite oswa espò ou ka patisipe ansanm kòm yon fanmi.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann ak pratike konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe