Glencoe Health © 2007

Chapter 29: Environmental Health

Chapit 29 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas pitit adolesan ou sou lasante konsantre sou enkyetid pou polisyon lè, dlo ak tè Ogmantasyon nan popilasyon ak endistri mondyal la kontinye gen yon enpak negatif sou anviwònman an. Pwoblèm polisyon ki asosye avèk lè, dlo ak tè, efè akoutèm ak efè alontèm yo sou lavi fè sijè tounen yon afè serye. Pitit adolesan ou ap aprann kòz polisyon lè, tè ak dlo epi l ap egzamine estrateji posib pou diminye polisyon an. Piti gason ou oswa pitit fi ou ap etidye tou konsèvasyon resous, pre-sik ak resiklaj nan yon efò pou pwoteje anviwònman an ak pou pwoteje sante.

Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a:

  • Kalite Lè.
  • Pwoteksyon Tè ak Dlo.
  • Rekòmandasyon pou yon Anviwònman ki Bon pou Lasante.

Tanpri ranfòse travay sal klas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Diskite avèk pitit adolesan ou sou sous prensipal polisyon lè, tè ak dlo. Diskite sou konsekans alontèm polisyon k ap fèt san rete. Fè pitit adolesan ou konnen estrateji pou diminye polisyon. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike konsèp ak avantaj pre-sik ak resiklaj. Èske fanmi ou patisipe nan pwoblèm polisyon an oswa èske li ede diminye polisyon an? Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li alatèt yon diskisyon familyal sou metòd kay la ta dwe itilize pou konsèvasyon resous natirèl. Ajoute obsèvasyon sou chofaj ak refwadisman, dlo, epi ekleraj ak aparèy elektwo-menaje yo (enèji). Chèche anpil lide sou fason pou konsève resous yo.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit gason ou oswa pitit fi ou aprann respekte ak pwoteje anviwònman mondyal la. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe