Glencoe Health © 2007Chapter 27:
Injury Prevention and Safe BehaviorsChapit 27 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Selon Sant pou Kontwòl Maladi yo, blesi aksidan touye plis pase 15,000
adolesan chak ane epi pou chak fatalite, gen 41 ospitalizasyon ak 1,100 tretman
nan saldijans. Pi gwo pousantaj blesi ak fatalite se rezilta aksidan veyikil
a motè. Estatistik sa yo souliye enpòtans pou konprann fason
aksidan yo fèt ak fason yo ka evite. Nan klas lasante a, n ap etidye
sekirite nan kay, sekirite nan travay, sekirite nan lwazi ak sekirite sou wout. Answit,
n ap devlope estrateji pou ede evite blesi aksidan anba chak nan ka sa yo. Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a: - Sekirite nan Kay ak nan Travay.
- Sekirite nan Lwazi ak nan Dlo.
- Sekirite sou Wout.
- Ijans Move Tan ak Katastwòf Natirèl.
Tanpri ranfòse travay sal klas nou. Pou fè sa, pale avèk
pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Diskite
avèk pitit adolesan ou sou enpòtans sekirite nan veyikil. Fè pitit
adolesan ou konnen enkyetid sou tandans ki genyen nan konpòtman pou
pran risk pandan l ap kondi. Fè yon ti mache nan kay la avèk
pitit adolesan ou epi diskite sou estrateji pou prevansyon blesi envolontè nan
kay la. Diskite sou sekirite nan lwazi avèk pitit adolesan ou. Pou fè sa,
analize aktivite li konsènan blesi posib ak mezi prevantif posib pou
sekirite. Pale sou pwosedi sekirite ki ta dwe swiv lwen kay la pandan
yon move tan oswa yon katastwòf natirèl. Mwen swete nou ka travay ansanm pou ede pitit adolesan ou devlope yon konesans
sou sekirite nan kay la, nan lwazi ak nan oto, sa k ap diminye risk blesi envolontè li.
Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou.
Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou
sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |