Glencoe Health © 2007

Chapter 26: Noncommunicable Diseases and Disabilities

Chapter 26 Parent Letter and Activities

Chè Paran oswa Responsab,

Pou Ameriken tout laj, maladi kè ak kansè rete kòz prensipal lanmò, sa ki reprezante plis pase 50 pousan tout lanmò yo. Anplis, maladi dyabèt vin yon gwo enkyetid. Maladi dyabèt tip 2 reprezante plis pase 90 pousan tout ka maladi sa a. Pwopòsyon prèske epidemik dyabèt tip 2 egziste akòz frekans obezite ak mòdvi san egzèsis. Nan chapit sa a, n ap egzamine maladi ki pa kontajye pou nou ka aprann fason pou diminye faktè risk ki asosye avèk maladi sa yo.

Men sijè ki pral diskite nan chapit sa a:

  • Maladi Kadyo-vaskilè.
  • Kansè.
  • Alèji, Las, Dyabèt ak Atrit.
  • Pwoblèm Fizik ak Mantal.

Tanpri ranfòse travay sal klas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Diskite sou istwa medikal fanmi ou avèk pitit adolesan ou. Chèche modèl maladi ki kontajye. Ensiste sou anpil maladi non-kontajye ki ka evite oswa trete avèk efikasite; yon ogmantasyon konesans sou istwa medikal fanmi an ka ede fòme konpòtman ki ka diminye risk pou pran maladi sa yo. Diskite sou faktè ki ka kontwole yo, tankou nitrisyon, egzèsis ak abstinans nan dwòg ak tabak, sa k ap ede pitit adolesan ou diminye risk pou li pran maladi kansè oswa maladi kè. Chèche anpil lide sou estrateji pou devlopman ak antretyen konpòtman ki bon pou lasante. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike kouman reyaksyon sistèm iminitè lakòz alèji, las ak sèten kalite dyabèt. Jwenn Air Quality Index (Endis Kalite Lè) nan seksyon metewolojik jounal lokal ou, epi ede pitit adolesan ou konprann siyifikasyon endis la ak fason move kalite lè afekte moun ki soufri las oswa lòt kondisyon respirasyon. Pale avèk pitit adolesan ou sou kalite defi moun jwenn avèk twoub fizik oswa mantal. Ede piti adolesan ou fè rechèch sou nenpòt chanjman gouvènman leta oswa lokal kote w ap viv la fè pou konfòme li avèk Americains with Disabilities Act of 1990 (Lwa 1990 sou Ameriken ki Andikanpe).

Mwen swete konesans pitit adolesan ou pran pandan egzaminasyon maladi non-kontajye yo ap ede li pran desiyzon ki bon pou sante li. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe