Glencoe Health © 2007

Chapter 21: Tobacco

Chapit 21 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Youn nan pi gwo menas pou sante adolesan se tabak la. Fimen se kòz mouri bonè ki pi ka evite. Apeprè 450,000 moun—prèske de (2) fwa kantite gason ak fanm, mouri chak ane akòz maladi ki asosye ak tabak. Plis pase 15 pousan elèv lekòl entèmedyè ak plis pase 34 pousan elèv lekòl segondè itilize pwodui tabak; apeprè 3,000 adolesan itilize tabak chak jou. Nan klas lasante a, n ap egzamine efè pwodui tabak la sou kò a. N ap etidye efè fizik nuizib ak presyon sosyal ki enfliyanse adolesan yo fimen. N ap diskite tou sou metòd ki fè adolesan yo ka evite itilzasyon tabak.

Men sijè ki pral diskite nan chapit sa a:

  • Efè Itilizasyon Tabak.
  • Chwa pou Lavi san Tabak.
  • Ankourajman yon Anviwònman san Tabak.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Diskite avèk pitit adolesan ou sou nenpòt kesyon oswa enkyetid li ka genyen konsènan itilizasyon tabak. Ki efè negatif akoutèm ak efè negatif alontèm itilizasyon tabak? Si ou pa fimen, fè pitit adolesan ou konnen rezon ki lakòz ou fè chwa sa a. Si ou fimen, fè pitit ou konnen rezon ki fè ou te kòmanse epi diskite sou efè li te genyen sou lavi ou. Ankouraje pitit adolesan ou devwale rezon ki fè li kwè kèk adolesan santi yo gen obligasyon pou itilize tabak la epi ranfòse fason adolesan yo ka evite pyèj itilizasyon pwodui tabak yo. Diskite sou metòd pou reziste kont presyon kondisip yo. Fè pitit adolesan ou konnen estrateji pou defann dwa li nan yon anviwònman san fimen. Si pitit adolesan ou itilize tabak, ankouraje li pou li anwole nan yon pwogram ki pou ede li sispann.

Lè ou montre konsekans itilizasyon tabak ak avantaj pou pa itilize tabak la, mwen swete nou ka travay ansanm pou konvenk pitit ou pou li viv san fimen tabak oswa pou li vin pa depann de tabak. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou lasante pitit adolesan ou.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe