Glencoe Health © 2007

Chapter 19: Prenatal Development and Birth

Chapit 19 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye kounye a kòmansman sik lavi imen. Pitit adolesan ou ap egzamine lavi imen, depi konsepsyon ak fekondasyon jouk nan premye anfans ak anfans. L ap aprann eredite ak jenetik tou ak ki wòl yo jwen nan devlopman fetis la. Pitit gason ou oswa pitit fi ou ap aprann tou enpòtans swen anvan akouchman.

Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a:

  • Kòmansman Sik Lavi Imen.
  • Swen Anvan Akouchman.
  • Eredite ak Jenetik.
  • Premye Anfans ak Anfans.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit ou pou li eksplike estap devlopman fetis. Diskite sou danje ki genyen nan itilizasyon alkòl, tabak oswa lòt dwòg pandan gwosès. Fè pitit gason ou oswa pitit fi ou remake karakteristik fanmi, tankou wotè, koulè cheve ak koulè zye, epi mande li pou li eskplike kouman karakteristik sa yo transmèt. Fè pitit adolesan ou eksplike etap devlopmantal ak travay anfans lan lè li konsidere timoun ki nan katye a kòm egzanp. Devwale istwa ki sòti nan anfans pitit gason ou oswa pitit fi ou pou eklèsi etap sa yo. Diskite avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou enpòtans egzamen medikal depistaj pou timoun.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe