Glencoe Health © 2007

Chapter 18: Endocrine and Reproductive Systems

Chapit 18 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Pandan pitit gason ou oswa pitit fi ou ap travay nan ane adolesans li pou li vin gen matirite, gen yon kanttie chanjman fizik ak emosyonèl k ap fèt. Chapit sou lasante sa a ap etidye wòl sistèm andokrinyen an jwen nan kontwòl sekresyon òmòn, fason li afekte lasante ak fason li deklanche chanjman nan kò pandan adolesans lan. Chapit la ap etidye tou analiz sistèm repwodiktif gason ak fanm, avèk tou enfòmasyon sou antretyen anatomik ak medikal. Elèv yo ap aprann pwoblèm medikal konsènan sistèm repwodiktif yo, enpòtans premye sentòm avètisman yo ak deteksyon yo, epi metòd swen prevantif yo.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Sistèm Andokrin nan.
  • Sistèm Repwodiktif Gason.
  • Sistèm Repwodiktif Fanm.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit ou pou li eksplike fason sistèm andokrin nan fonksyone ak fason li afekte chanjman nan kò a pandan adolesans. Diskite avèk pitit adolesan ou sou nenpòt kesyon oswa enkyetid li ka genyen sou bon jan swen medikal sistèm repwodiktif li. Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li dekri metòd pou oto-egzaminasyon pou swa yon egzamen nan tete swa yon egzaman nan testikil li. Diskite avèk pitit adolesan ou sou wòl abstinans jwe nan prevansyon maladi moun pran nan rapò seksyèl.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit gason ou oswa pitit fi ou devlope ak antreteni atitid ak abitid ki bon pou lasante pandan l ap kontinye vin gen matirite. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe