Glencoe Health © 2007

Chapter 16: Cardiovascular and Respiratory Systems

Chapit 16 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye kounye a sistèm kadyo-vaskilè ak sistèm respiratwa. Yon objektif enpòtan nan chapit sa a se pou elèv yo konprann fason konpòtman ki bon pou lasante yo afekte sistèm sa yo. Pitit adolesan ou ap aprann estrikti, fonksyon ak twoub sistèm kadyo-vaskilè a, sistèm lenfatik la ak sistèm respiratwa a. Pitit gason ou oswa pitit fi ou ap analize relasyon ki genyen ant abitid ki bon pou lasante ak prevansyon maladi kadyo-vaskilè ak respiratwa.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Sistèm Kadyo-vaskilè a.
  • Swen ak Pwoblèm Sistèm Kadyo-Vaskilè a.
  • Sistèm Respiratwa a.
  • Swen ak Pwoblèm Sistèm Sistèm Respiratwa a.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Diskite sou nenpòt pwoblèm kadyo-vaskilè oswa maladi manm fanmi an te genyen epitou diskite sou prevansyon, sentòm, swen ak tretman maladi sa yo. Revize abitid ki bon pou lasante pitit adolesan ou bezwen pratike pou ede li diminye faktè risk ki asosye avèk pwoblèm kadyo-vaskilè yo. Diskite avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou nenpòt pwoblèm kadyo-vaskilè oswa maladi manm fanmi an te genyen epitou diskite sou prevansyon, sentòm, swen ak tretman maladi sa yo. Diskite sou danje ki genyen nan fimen. Mande li si nenpòt nan zanmi (kondisip) li yo fimen epi, si zanmi li yo fimen, pale avèk li sou fason pou li reziste kont presyon kondisip li. Si pitit adolesan ou fimen deja, diskite avèk li sou metòd pou kite k ap fonksyone pi byen pou li.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann sistèm kadyo-vaskilè a ak sistèm respiratwa a ak fason pou konsève yo an sante. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe