Glencoe Health © 2007

Chapter 14: Personal Care and Healthy Behaviors

Chapit 14 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas pitit adolesan ou sou lasante konsantre kounye a sou swen pèsonèl ak konpòtman ki bon pou lasante. Zafè swen pèsonèl konsènan swen po, cheve, dan, bouch, zye ak zòrèy ap etidye afon. Paske aparans pèsonèl se yon gwo priyorite pou adolesan yo, pitit gason ou oswa pitit fi ou ap angaje li nan aprantisaj aktivite ki deziyen pou ede li idantifye konpòtman ki bon pou lansante ki gen enpak sou aparans li epi ki pwoteje sante kò li.

Men kák kesyon pitit pral etidye nan chapit sa a:

  • Po, Cheve ak Zong ki An Sante.
  • Swen Dan ak Bouch.
  • Swen Zye.
  • Powteksyon Zòrèy ak Odisyon.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit ou pou li eksplike efè reyon iltravyolè solèyl la sou po li. Diskite avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou lè ak espas (kote) lè li ekspoze anpil nan solèy la. Fè yon lis konsèy pou pwoteje po a epi pou diminye ekspozisyon nan solèy la. Mande pitit adolesan ou pou li dekri sentòm maladi jenjivit li. Diskite sou bon jan ijyèn dantè epi mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li prezante mezi li pran chak jou pou li pa gen pwoblèm nan dan ak nan bouch. Diskite avík pitit adolesan ou sou wòl rejim alimantè, pwoteksyon zye, repo ak egzamen zye jwe nan pwoteksyon vizyon. Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou si li gen nenpòt pwoblèm vizyon. Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li eksplike kouman bwi sanzatann gwo nivo desibèl yo oswa ekspozisyon pwolonje nan gwo nivo desibèl ka domaje odisyon li pou lavi. Diskite sou rezon ki fè mizik fò oswa gwo bwi zouti, tankou souflez fèy (aparèy pou rasanble fèy sèch), fèy bwa epi menm tondèz gazon, ta dwe evite oswa pwoteje avèk bouchon zòrèy oswa kouvèti zòrèy.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou devlope ak antreteni abitid sante púsonèl ki pozitif. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe