Glencoe Health © 2007

Chapter 10: Skills for Healthy Relationships

Chapit 10 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye relasyon kounye a. Paske entè-aksyon avèk moun se yon pati ki enpòtan ak nesesè nan lavi ak devlopman pèsonèl, pitit gason ou oswa pitit fi ou ap egzamine dinamik entè-aksyon sosyal yo. Pitit adolesan ou ap etidye relasyon avèk manm fanmi, zanmi ak kondisip, epi l ap idantifye kalite ak aspè karaktè ki sipòte entè-aksyon ki bon pou lasante.

Men sijè ki pral diskite nan chapit sa a:

  • Kreyasyon Relasyon ki bon pou Lasante.
  • Kominikasyon avèk Rannman.
  • Rezoud Konfli.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit ou pou li prezante diferan kalite relasyon kote chak moun ap jwe yon wòl, ki konsantre sou relasyon zanmi, fanmi ak kominote. Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li eksplike ou fason relasyon sa yo enfliyanse lavi toulejou li. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike aspè karaktè y ap chèche nan zanmi yo epi pou li eksplike fason aspè sa yo enpòtan pou relasyon ki bon pou lasante. Fè li reflechi sou aspè karaktè pozitif li pote nan yon relasyon. Diskite sou wòl estil kominikasyon yo nan kreyasyon ak antretyen relasyon an. Imajine diferan estil kominikasyon, metòd pasif opoze, metòd agresif ak metòd ki asire. Fè yon jed-wòl sanblab avèk ladrès pou tande. Prezante divès kalite sitiyasyon konfli entè-pèsonèl ba pitit adolesan ou epi mande li pou li eksplike kouman teknik rezolisyon konfli ka itilize pou rezoud chak dezagreman nan satisfaksyon tout moun.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou devlope ak antreteni relasyon pozitif. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe